3Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m' nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m': Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.
4Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen.
5Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo.
6Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo.