19Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.
20Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'.
21Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm.
22Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?
23Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.
24Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.
25Paske, san Bondye, ki moun ki ka manje? Ki moun ki ka bwè.