Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 1

Eklezyas 1:9-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.
10Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt.
11Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a.
12Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.
13Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd.
14Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.

Read Eklezyas 1Eklezyas 1
Compare Eklezyas 1:9-14Eklezyas 1:9-14