Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 12

Eklezyas 12:3-7

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm koulye a ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè.
4De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve.
5W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.
6Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.
7Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.

Read Eklezyas 12Eklezyas 12
Compare Eklezyas 12:3-7Eklezyas 12:3-7