2Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.
3Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.
4Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.
5Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.
6Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.
7Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.
8Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.
9Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou.
10Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l', ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l'. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè.
11Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l' gen tan mòde ou.
12Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.
13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.