Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 7

1 Wa 7:4-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt.
5Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.
6Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.
7Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.
8Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.
9Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.
10Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè.
11Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd.

Read 1 Wa 71 Wa 7
Compare 1 Wa 7:4-111 Wa 7:4-11