Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 6

1 Wa 6:13-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13M'ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo.
14Se konsa Salomon fin bati Tanp lan.
15Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sèd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fèt ak bwa pichpen.
16Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an.
17Pati tanp lan ki te devan pyès ki apa nèt pou Seyè a te gen swasant pye longè.
18Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pa t' ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo.
19Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a.
20Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò.
21Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a.
22Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò.
23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
24Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye.
25Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè.
26Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè.
27Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo.
28De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò.

Read 1 Wa 61 Wa 6
Compare 1 Wa 6:13-281 Wa 6:13-28