Text copied!
Bibles in Haitian

Travay 27:20-27 in Haitian

Help us?

Travay 27:20-27 in Bib La

20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
21 Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
22 Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.
23 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',
24 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
26 Men, nou pral chwe sou yon zile.
27 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.
Travay 27 in Bib La