Text copied!
Bibles in Haitian

Travay 14:1-12 in Haitian

Help us?

Travay 14:1-12 in Bib La

1 Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.
2 Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.
3 Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.
4 Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo.
5 Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.
6 Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.
7 Yo t'ap anonse bon nouvèl la la tou.
8 Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm.
9 Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri.
10 Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.
11 Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou.
12 Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale.
Travay 14 in Bib La