Text copied!
Bibles in Haitian

Travay 13:2-32 in Haitian

Help us?

Travay 13:2-32 in Bib La

2 Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.
3 Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.
4 Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.
5 Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.
6 Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li.
7 Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a.
8 Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè.
9 Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an,
10 li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè?
11 Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li.
12 Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.
13 Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y' al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm.
14 Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita.
15 Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: Frè m' yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale koulye a.
16 Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l', epi li di: Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen.
17 Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi a.
18 Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a.
19 Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo,
20 pou katsansenkant (450) lanne. Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl.
21 Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan.
22 Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè.
23 Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la.
24 Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.
25 Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li.
26 Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.
27 Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi.
28 Atout yo pa t' jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l' merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li.
29 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo.
30 Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò.
31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.
32 Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,
Travay 13 in Bib La