Text copied!
Bibles in Haitian

Travay 10:11-21 in Haitian

Help us?

Travay 10:11-21 in Bib La

11 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann soti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè.
12 Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwezo ladan li.
13 Li tande yon vwa ki di l' konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje.
14 Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.
15 Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon.
16 An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la.
17 Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la.
18 Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li?
19 Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou.
20 Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo.
21 Pyè desann, li al jwenn mesye yo, epi l' di yo: Se mwen menm n'ap chache a. Kisak mennen nou isit la?
Travay 10 in Bib La