Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 9:3-9 in Haitian

Help us?

Sòm 9:3-9 in Bib La

3 (09:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
4 (09:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.
5 (09:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
6 (09:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
7 (09:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.
8 (09:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
9 (09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Sòm 9 in Bib La