Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 94:8-22 in Haitian

Help us?

Sòm 94:8-22 in Bib La

8 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?
9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?
10 Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?
11 Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.
12 Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
13 pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.
14 Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
15 Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.
16 Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?
17 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.
18 Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.
19 Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.
20 Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
21 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.
22 Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.
Sòm 94 in Bib La