Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 92:3-9 in Haitian

Help us?

Sòm 92:3-9 in Bib La

3 (092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
4 (092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
5 (092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
6 (092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
7 (092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
8 (092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
9 (092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
Sòm 92 in Bib La