Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 89:30-46 in Haitian

Help us?

Sòm 89:30-46 in Bib La

30 (089:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
31 (089:32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,
32 (089:33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
33 (089:34) Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.
34 (089:35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.
35 (089:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.
36 (089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
37 (089:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
38 (089:39) Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.
39 (089:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
40 (089:41) Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
41 (089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
42 (089:43) Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
43 (089:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
44 (089:45) Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.
45 (089:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
46 (089:47) Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
Sòm 89 in Bib La