Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 89:23-27 in Haitian

Help us?

Sòm 89:23-27 in Bib La

23 (089:24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.
24 (089:25) M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.
25 (089:26) M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
26 (089:27) L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.
27 (089:28) Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
Sòm 89 in Bib La