Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 89:13-25 in Haitian

Help us?

Sòm 89:13-25 in Bib La

13 (089:14) Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.
14 (089:15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
15 (089:16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!
16 (089:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
17 (089:18) Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
18 (089:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
19 (089:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
20 (089:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
21 (089:22) M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.
22 (089:23) Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.
23 (089:24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.
24 (089:25) M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.
25 (089:26) M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
Sòm 89 in Bib La