Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 88:7-17 in Haitian

Help us?

Sòm 88:7-17 in Bib La

7 (088:8) Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
8 (088:9) Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
9 (088:10) Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
10 (088:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
11 (088:12) Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
12 (088:13) Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
13 (088:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
14 (088:15) Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
15 (088:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
16 (088:17) Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
17 (088:18) Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou.
Sòm 88 in Bib La