Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 85:3-12 in Haitian

Help us?

Sòm 85:3-12 in Bib La

3 (085:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
4 (085:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
5 (085:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
6 (085:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
7 (085:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
8 (085:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
9 (085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
10 (085:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
11 (085:12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
12 (085:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Sòm 85 in Bib La