Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 81:7-10 in Haitian

Help us?

Sòm 81:7-10 in Bib La

7 (081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.
8 (081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
9 (081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
10 (081:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!
Sòm 81 in Bib La