Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 78:31-60 in Haitian

Help us?

Sòm 78:31-60 in Bib La

31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.
32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.
33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.
34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
36 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
37 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.
38 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
39 Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.
40 Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!
41 Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!
42 Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,
43 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
44 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo.
45 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo.
46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo.
47 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.
48 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray.
49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.
50 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.
51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.
52 Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.
53 Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.
54 Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a.
55 Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.
56 Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè!
57 Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.
58 Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
59 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
60 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
Sòm 78 in Bib La