Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 78:2-35 in Haitian

Help us?

Sòm 78:2-35 in Bib La

2 Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,
3 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.
4 Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
5 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a,
6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.
7 Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
8 Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.
9 Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.
10 Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
11 Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè.
12 Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
13 Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
14 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
15 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
16 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.
17 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.
18 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a.
19 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?
20 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?
21 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,
22 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo.
23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.
24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.
25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.
27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.
28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.
29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.
30 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,
31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.
32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.
33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.
34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
Sòm 78 in Bib La