Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 78:14-37 in Haitian

Help us?

Sòm 78:14-37 in Bib La

14 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
15 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
16 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.
17 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.
18 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a.
19 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?
20 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?
21 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,
22 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo.
23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.
24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.
25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.
27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.
28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.
29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.
30 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,
31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.
32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.
33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.
34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
36 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
37 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.
Sòm 78 in Bib La