Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 69:23-28 in Haitian

Help us?

Sòm 69:23-28 in Bib La

23 (069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
24 (069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
25 (069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
26 (069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
27 (069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
28 (069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
Sòm 69 in Bib La