Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 69:21-26 in Haitian

Help us?

Sòm 69:21-26 in Bib La

21 (069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
22 (069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
23 (069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
24 (069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
25 (069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
26 (069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Sòm 69 in Bib La