Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 63:3-9 in Haitian

Help us?

Sòm 63:3-9 in Bib La

3 (063:4) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
4 (063:5) Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.
5 (063:6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.
6 (063:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
7 (063:8) Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
8 (063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
9 (063:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
Sòm 63 in Bib La