Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 49:8-12 in Haitian

Help us?

Sòm 49:8-12 in Bib La

8 (049:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
9 (049:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
10 (049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
11 (049:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
12 (049:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Sòm 49 in Bib La