Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 45:9-13 in Haitian

Help us?

Sòm 45:9-13 in Bib La

9 (045:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
10 (045:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
11 (045:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
12 (045:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
13 (045:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
Sòm 45 in Bib La