Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 44:9-13 in Haitian

Help us?

Sòm 44:9-13 in Bib La

9 (044:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
10 (044:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
11 (044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
12 (044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
13 (044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Sòm 44 in Bib La