Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 44:12-19 in Haitian

Help us?

Sòm 44:12-19 in Bib La

12 (044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
13 (044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
14 (044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
15 (044:16) -(we vèsè pwochen)
16 (044:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.
17 (044:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
18 (044:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
19 (044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
Sòm 44 in Bib La