Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 34:4-13 in Haitian

Help us?

Sòm 34:4-13 in Bib La

4 (034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
5 (034:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
6 (034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
7 (034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
8 (034:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
9 (034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
10 (034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
11 (034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
12 (034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
13 (034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
Sòm 34 in Bib La