Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 22:12-19 in Haitian

Help us?

Sòm 22:12-19 in Bib La

12 (022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
13 (022:14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.
14 (022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
15 (022:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.
16 (022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
17 (022:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
18 (022:19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
19 (022:20) Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.
Sòm 22 in Bib La