Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 18:9-34 in Haitian

Help us?

Sòm 18:9-34 in Bib La

9 (018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
10 (018:11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
11 (018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
12 (018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
13 (018:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
14 (018:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
15 (018:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
16 (018:17) Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a.
17 (018:18) Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.
18 (018:19) Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.
19 (018:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.
20 (018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21 (018:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
22 (018:23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23 (018:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
24 (018:25) Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
25 (018:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
26 (018:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
27 (018:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
28 (018:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
29 (018:30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30 (018:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
31 (018:32) Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
32 (018:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
33 (018:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
34 (018:35) Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
Sòm 18 in Bib La