Text copied!
Bibles in Haitian

Sòm 18:32-45 in Haitian

Help us?

Sòm 18:32-45 in Bib La

32 (018:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.
33 (018:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
34 (018:35) Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
35 (018:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
36 (018:37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
37 (018:38) Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
38 (018:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
39 (018:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
40 (018:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.
41 (018:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
42 (018:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
43 (018:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
44 (018:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
45 (018:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
Sòm 18 in Bib La