7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.