Text copied!
Bibles in Haitian

Resansman 15:10-34 in Haitian

Help us?

Resansman 15:10-34 in Bib La

10 Lèfini, n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Seyè a plezi ak bon sant li.
11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri.
12 Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a.
13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l' lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li.
14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou.
15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo.
17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an,
19 lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado.
20 Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi.
21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
22 Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo,
23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:
24 Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.
25 Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t' fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t' fè espre a.
26 Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an.
27 Si se yon moun ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l' ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l' te fè a.
28 Prèt la va pote ofrann lan devan Seyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pa t' fè espre a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.
29 Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
30 Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
31 Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
32 Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.
33 Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
34 Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'.
Resansman 15 in Bib La