Text copied!
Bibles in Haitian

Resansman 10:2-22 in Haitian

Help us?

Resansman 10:2-22 in Bib La

2 -Fè yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat l' ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati.
3 Depi yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a.
4 Si se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou.
5 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati.
6 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon dezyèm fwa ansanm ak bri moun k'ap rele yo, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò sid la leve pati.
7 Men lè y'ap reyini tout moun yo, y'a kònen twonpèt yo sèlman, san pesonn pa bezwen rele.
8 Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit.
9 Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.
10 Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
11 Ventyèm jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te soti kite peyi Lejip, nwaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a.
12 Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an.
13 Se konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Seyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou l' a.
14 Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.
15 Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a.
16 Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an.
17 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.
19 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an.
20 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.
21 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo.
22 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.
Resansman 10 in Bib La