Text copied!
Bibles in Haitian

Resansman 10:17-32 in Haitian

Help us?

Resansman 10:17-32 in Bib La

17 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.
19 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an.
20 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.
21 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo.
22 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.
23 Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a.
24 Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.
25 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache.
26 Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a.
27 Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.
28 Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati.
29 Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
30 Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'.
31 Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid.
32 Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.
Resansman 10 in Bib La