Text copied!
CopyCompare
Bib La - Ròm - Ròm 7

Ròm 7:16-24

Help us?
Click on verse(s) to share them!
16Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon.
17Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li.
18Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.
19Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.
20Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li.
21Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè.
22Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a.
23Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.
24Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?

Read Ròm 7Ròm 7
Compare Ròm 7:16-24Ròm 7:16-24