Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 9:12-17 in Haitian

Help us?

Pwovèb 9:12-17 in Bib La

12 Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.
13 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.
14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.
15 L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo:
16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:
17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!
Pwovèb 9 in Bib La