16 Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
17 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
18 Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
19 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan.
20 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.
21 Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.
22 Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.
23 Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè.
24 Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo.