Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 3:22-26 in Haitian

Help us?

Pwovèb 3:22-26 in Bib La

22 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
23 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
24 Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
25 Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
26 Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
Pwovèb 3 in Bib La