Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 31:3-8 in Haitian

Help us?

Pwovèb 31:3-8 in Bib La

3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.
4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.
6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
Pwovèb 31 in Bib La