13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.
14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.
17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.
18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.
19 Li file koton, li koud rad li.
20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.
21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.
22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.
24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.
25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.