Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 30:11-25 in Haitian

Help us?

Pwovèb 30:11-25 in Bib La

11 Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.
12 Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.
13 Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.
14 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
15 Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.
16 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.
17 Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.
18 Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.
19 Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.
20 Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.
21 Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.
22 Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen,
23 se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li.
24 Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen:
25 Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.
Pwovèb 30 in Bib La