Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 30:1-6 in Haitian

Help us?

Pwovèb 30:1-6 in Bib La

1 Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò!
2 Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun.
3 Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.
4 Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
5 Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.
6 Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Pwovèb 30 in Bib La