Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 2:3-8 in Haitian

Help us?

Pwovèb 2:3-8 in Bib La

3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
4 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.
5 Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
6 Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
7 Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'.
8 Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
Pwovèb 2 in Bib La