Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 29:5-14 in Haitian

Help us?

Pwovèb 29:5-14 in Bib La

5 Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.
6 Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.
7 Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.
8 Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache.
9 Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle.
10 Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'.
11 Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.
12 Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.
13 Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.
14 Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.
Pwovèb 29 in Bib La