Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 29:20-27 in Haitian

Help us?

Pwovèb 29:20-27 in Bib La

20 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.
21 Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.
22 Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.
23 Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
24 Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.
25 Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.
26 Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.
27 Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.
Pwovèb 29 in Bib La