Text copied!
Bibles in Haitian

Pwovèb 28:4-7 in Haitian

Help us?

Pwovèb 28:4-7 in Bib La

4 Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo.
5 Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay.
6 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.
7 Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'.
Pwovèb 28 in Bib La